• SBJ-OTROO.jpg

Kalandriye aktivite

Le mois dernier Avril 2026 Le mois prochain
D L Ma Me J V S
week 14 1 2 3 4
week 15 5 6 7 8 9 10 11
week 16 12 13 14 15 16 17 18
week 17 19 20 21 22 23 24 25
week 18 26 27 28 29 30

Aktivite kap vini

Aucun événement

 

ESTRIKTI SAJ/VEYE YO


5.1 SAJ/VEYE YO estriktire konsa :
1. Yon Asanble Jeneral (A.J) ki fòme ak manm fondatè e manm aderan
2. Yon Sekretarya jeneral (SJ)
3. Yon Sekretarya Egzekitif (SE)
4. Seksyon yo


5.2 ASANBLE JENERAL (A.J)
Asanble jeneral SAJ/VEYE YO fòme ak 2 kalite manm : Fondatè ak Aderan. Asanble Jeneral la se pi gwo enstans SAJ/VEYE YO. Asanble Jeneral la kapab odinè oubyen ekstraodinè


a) Asanble jeneral odinè yo.
Atribisyon Asanble Jeneral odinè yo se :

Diskite sou oryantasyon ak aktivite SAJ/VEYE YO, yon mannyè pou pèmèt tout manm klè; Tande, sanksyone rapò anyèl Sekretarya Jeneral la ak tout lòt aktivite seksyon yo;
Fè chanjman ki posib nan mitan SAJ/VEYE YO sou pwopozisyon ou non Sekretarya Jeneral la;
Fè bilan, pase men nan Estati a, fè eleksyon, apwouve tout gwo desizyon ki pou pran pou òganizasyon an;
Diskite sou kesyon enterè jeneral yo. Asanble Jeneral odinè a reyini chak 3 mwa


b) Atribisyon asanble jeneral ekstraodine a:
Asanble Jeneral Ekstraodinè a travay sou:
o Kesyon ki gen pou wè ak disolisyon, likidasyon òganizasyon an.
o Tout lòt kesyon ki te prevwa oubyen ki pa t prevwa nan estati yo ak règleman entèn òganizasyon an.
Anwetan Asanble Jeneral odinè ak ekstraodinè yo, manm yo kapab òganize lòt kalte rankont: reyinyon animatè (èz) seksyon yo, konferans, seyans fòmasyon ak echanj, elatriye.


6. Divès seksyon ki pèmèt travay nou yo fèt
 Konbit Fanm SAJ (KFS) travay avèk fanm yo pral reprann yon fason pi sitematik an 1992, men avan nou te konn travay ak fanm nan bèlè, tokyo,…
 Kako Lakay fòme pou travay nan kesyon lakilti sitou avèk jèn yo. Estrikti sa a te vin chanje non pou l te rele KARAKO VANYAN. Men, objektif la p at chanje, li te pito ranfòse ak anpil lòt lide, mete sou dives aktivite ki te
ajoute ladan l.
 SOLTI
 PAKO
 Pre-SAJ kanpe firamezi gen moun k ap sòt nan SOLTI e ki merite lòt travay fèt avèk yo


7. Kijan nou te vin rekadre travay nou an
Li enpòtan pou debat kesyon sa a, sitou nan moman difisil nou twouve n jounen jodi a. Gen moun ki kwè yo te pi atache ak lide ki tap bouyi lontan yo (gen yon ripti pa rapò ak sa nou te ye).
Gen moun ki kwè chwa nou te fè nan lane 97 la te korèk, fòk nou gade moman yo, nou pata ka rete menm tip òganizasyon nou te ye nan lane 87 yo. Li pi enpòtan pou n gade kote nou ye ak sa nou vle fè jounen jodi a
Sa k te manke nan demach sa a se kesyon filozofi politik la, koulye li merite pou n travay li yon fason sistematik. Òganizasyon an dwe veye pi byen sou chemen l ap pran ak kòman l ap vanse ladan l. Reyalite yo pa menm, men, li rete sèten, chwa pou n foure pye n pi fon nan demach edikasyon popilè a nan zòn n ap travay la, jodia plis pase ayè pi enpòtan e se yon ijans.


Nou deja gen pase 20 tan depi nou rantre nan demach animasyon popilè a piti kou l ye nou rive kenbe, men nou pa rive entegre mas yo vre, komsadwa. Se yon gwo feblès. N ap foubi zouti a chak jou pou n fè fas kare pi byen ak reyalite sa a.


8. Relasyon nou ak lòt patnè oubyen lòt òganizasyon
Nou te gen relasyon tou a UJEDO ki chita nan lòt bò fwontyè a e sa vin pèmèt nou devlope relasyon e fè pati yon platfòm ki pi laj ki rele ULAJE (li menm ligen divès òganizasyon jèn nan amerik latin lan ladan l). Fòk nou di se relasyon sa yo ki pral rann pi solid rapò nou ak Jeunesse du Monde e ki pral pèmèt nou jwenn pi devan apwi finansye yon òganizasyon Swis (toujou pou Lekòl Lakay) yo rele EdM. Apwi sa a te kòmanse nan lane 1996.
Nou gen bon jan relasyon ak FOKAL (Fondasyon Konesans ak libète) e li pa diferan pou tout lòt òganizasyon nou gen rapò ak yo, kit se pou koutmen nan  pèmèt aktivite nou yo devlope, kit se nan batay ansanm nan sektè popilè ak pwogresis la an Ayiti.


Oganizasyon an te gen yon pwojè ak lòt òganizasyon tankou: CHANDEL, MUPAC pou mete kanpe yon radyo kominotè nan bèlè (Radyo Wozo), pwojè sa a t ap bouyi depi nan lane 1992. Jouk jounen Jodia leta pa janm bay
otorizasyon pou sa fet. Pretèks yo pran, pa gen frekans. Men nou pa kapab konte konbyen radyo ki rive tabli nan peyi a depi peryòd sa a.


SAJ/VEYE YO ansanm ak plizyè lòt òganizasyon ak Enstitisyon te patisipe nan mete kanpe PAPDA. Yon zouti travay pou pwodwi refleksyon kritik sou pwogram neyoliberal yo ak ede batay kont politik ekonomik sa a. Nou te travay tou pandan kèk ane ak divès òganizasyon nan mete kanpe yon regwoupman pou n batay ansanm. Se te Espas Konsètasyon Oganizasyon Popilè Granmoun yo. Se te yon eksperyans ki te pèmèt nou fè anpil gwo pa nan batay pou chanje figi peyi a. jounen jodia SAJ/VEYE YO patisipe nan mete kanpe MPDP, yon zouti k ap chache ki pi bon mannyè nou kapab makonnen fòs nou ansanm pou ale pi lwen ak batay la.

© 2017 SAJ VEYE YO.

Please publish modules in offcanvas position.