• SBJ-OTROO.jpg

Kalandriye aktivite

Le mois dernier Avril 2026 Le mois prochain
D L Ma Me J V S
week 14 1 2 3 4
week 15 5 6 7 8 9 10 11
week 16 12 13 14 15 16 17 18
week 17 19 20 21 22 23 24 25
week 18 26 27 28 29 30

Aktivite kap vini

Aucun événement

Men kèk nan divès travay n ap fè nan SAJ/VEYE YO atravè divès Antite (Seksyon) nou yo.


Fòmasyon
Aktivite fòmasyon yo anndan SAJ/VEYE YO li, pran 2 fòm : Fòmèl ak Enfòmèl. Aktivite Lekòl Lakay, fomasyon timoun yo ap resevwa, nan nivo seksyon fondamantal la se yon fòmasyon fomèl. Aktivite fòmasyon n ap fè ak moun yo nan ede yo konnen dwa yo ak devwa yo, rantre nan kad travay edikasyon popilè n ap pale a, se edikasyon enfòmèl la.


Dwa moun
Nou travay ak fanm, paran, jen ak timoun yo pou ede yo konnen ak konpran dwa yo pi byen. Nou chache konnen koman sitiyasyon dwa moun yo ye nan katye yo yon fason sistematik.

Dans
Nou fè aktivite Dans ak Timoun yo, jen yo sitou pou ede yo patisipe nan bay kilti lakay valè, men nou aprann yo lòt dans.


Penti
Nan aktivite penti yo anpil fwa li ede Timoun yo rekonèt tèt yo pi byen. Se yon fason pou ede yo itilize yon lòt fòm ekspresyon.


Bwodri
Nan aktivite sa a li ede timoun yo ak jèn yo aprann kreye. Se yon mannyè pou n ankouraje aktivite manyèl yo lakay timoun yo ak jèn yo.


Sant Pwofesyonèl
Ladan l nou gen dives aktivite nou ofri jèn yo, fanm yo sitou, nan pèmèt yo genyen savwa fè nan dives domèn: Kouti ak kwizin. Se yon aktivite ki gen pou l grandi firamezi nan pèmèt jèn ak fanm yo nan kominote a gen aksè ak lòt kalte fòmasyon.


Teyat
Se yon fòm ekspresyon ki enpòtan anpil nan kad travay edikasyon popilè. Nan tout antite anndan SAJ/VEYE YO gen pratik teyat. Men li gen yon kote anndan òganizasyon an li plis konsantre. Souvan, pou n konprann kèk reyalite sosyal pi byen se zouti sa a nou itilize.


Mobilizasyon kominotè
SAJ/VEYE YO tout travay li gen aspe mobilizasyon an ladan l. Anndan kominotè yo, nan katye nou rantre pou travay ak moun yo (Timoun, Jèn, Fanm ak paran
yo). Yo fèt nan reyalizasyon divès aktivite : Konferans-deba, Konkou, Jwèt Edikatif, …


Espò
Espò nou ankouraje pi bonè lakay Timoun yo, jèn yo ak tout lot moun anndan SAJ/VEYE YO. Men li konsantre sou timoun yo ak jèn yo. Nou fè aktivite volebòl, foutbòl ak karate kèk fwa ak timoun yo.

© 2017 SAJ VEYE YO.

Please publish modules in offcanvas position.