Objektif SAJ/VEYE YO

Objektif yo se:
a) Akonpaye diferan gwoup sosyal tankou, jèn, Fanm, Paran ak Timoun nan batay y ap mennen chak jou pou chanje kondisyon lavi nan fanmi yo, katye yo ak peyi yo.
b) Tabli bon jan solidarite ak tout kategori sosyal ki ap sibi move sititasyon sosyete n ap viv la. Solidarite sa a ap fèt avèk jèn, timoun, nan tout sektè popilè, Peyizan, ouvriye, etidyan, chomè. Solidarite sa a ap fèt nan bon jan mobilizasyon, nan travay òganizasyon, konsyantizasyon, nan mitan sektè popilè yo.
c) Ede divès kategori sosyal nan mas yo konstwi bon jan espas pou yo travay ansanm, reflechi ansanm, amize yo ansanm pou ranmase fòs ak enèji pou rive chanje tout bon vre sitiyasyon malouk peyi a nan enterè tout pitit li yo.
d) Ofri yon seri sèvis ak divès gwoup sosyal nan katye popilè yo, patikilyèman Bèlè, pou yo kapab pozisyone yo pi byen sou teren politik, sosyal ak ekonomik la.